You are here

Asistans pou Jwenn Manje SNAP: Travayè yo diminye lè travay yo oswa ki pèdi djòb yo akoz COVID-19

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize 13 janvye 2021

Si w pèdi travay ou oswa revni w diminye epi w bezwen èd pou w jwenn manje pou w manje lakay ou, asistans pou w jwenn manje SNAP la pou ede w. SNAP, ki vle di Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (yo te rele « food stamps ») ap bay moun ak fanmi yo lajan pou achte manje nan magazen, ti boutik ak nan kèk mache fèmye yo. Ou gen dwa pou w aplike pou SNAP nenpòt lè ou bezwen èd.

Kilès ki kalifye pou SNAP ?

Pifò fwaye ki gen ti revni oswa ki pa gen revni kalifye pou SNAP. Men kèk règ enpòtan :

  • Si w ap viv ak mari / madanm oswa ak pitit ou yo ki gen mwens pase 22 lane, yo dwe nan menm SNAP pou fwaye a avè w.
  • Si w ap viv avèk lòt moun, ou pa bezwen aplike avèk yo sofsi nou achte ak prepare pifò manje n ansanm.
  • Si w pa sitwayen ameriken, gen kèk règ espesyal ki gen rapò ak estati imigran yo.
  • Jeneralman, si revni w pi ba pase 200% liy povrete federal la (FPL an anglè), ou ka kalifye pou SNAP. Pa ekzanp, pou on fwaye ki gen 3 moun, 200% liy povrete a se $3.620 pa mwa.

M pèdi travay mwen oswa yo diminye lè m nan travay la akoz COVID-19. Kisa m dwe konnen ?

Ou ka aplike pou SNAP ki nenpòt lè. Ou pa oblije ret tann pou w ranpli yon aplikasyon.

  • Depatman Asistan tranzitwa a [Department of Transitional Assistance (DTA)] pa dwe konsidere yon revni ou pa genyen ankò paske w pa nan travay ankò.
  • Pandan COVID-19 la, DTA pa dwe mande prèv travay ou te revoke w.
  • Ou ka kalifye pou w jwenn avantaj SNAP yo byen vit nan entèval 7 jou apati dat ou fè aplikasyon an si revni w pi piti pase lajan pou w peye kay ou oswa si revni w ba anpil oswa w pa gen revni oswa avwa finansye.

Si w gen pitit, ou gen 65 lane oswa pi gran oswa andikape, ou ka tou kalifye pou DTA bay lajan kach chak mwa. Rele nenpòt biwo DTA nan telefòn pou w aplike oswa al nan DTAConnect.com pou w aplike nan entènèt oswa pou plis enfòmasyon.

Konbyen lajan m ka jwenn nan SNAP chak mwa pou ede m achte manje ?​

Kantite moun ki nan fwaye a Avantaj maksimòm SNAP la
1 $234
2 $430
3 $616
4 $782
5 $929

Maksimòm lajan y ap ba w la ap plis, pi plis moun ki nan fwaye yo. Kantite lajan w ap jwenn nan ap sou revni disponib nè fwaye a.

Kòm yon pati nan repons federal pou COVID-19, fwaye yo ki pa t ko deja resevwa kantite lajan maksimòm SNAP la, ap resevwa yon lòt kantite SNAP an ijans nan lavni anplis avantaj regilye yo bay yo chak mwa a.

Kijan pou m aplike pou SNAP ?

Akoz COVID-19, ou pa ka al aplike an pèsòn nan DTA kounye a. Pou w aplike:

  • Aplike nan entènèt: DTAConnect.com
  • Telechaje aplikasyon SNAP la nan Mass.gov/SNAP epi voye pa faks aplikasyon sou papye a nan liy faks DTA a: 617-887-8765 oswa voye l pa lapòs bay « DTA Document Processing Center » nan PO Box 4406, Taunton, MA 02780.
  • Aplike nan telefòn lè w rele Project Bread’s FoodSource Hotline nan (800)645-8333, Food Bank of Western MA nan (413) 247-9738, the Greater Boston Food Bank (617)427-5200, oswa lòt patnè yo k ap ede moun aplike pou SNAP MA la ki nan lis sa a: Mass.gov/snap-outreach. Remak : se pa tout patnè ki ede moun aplike pou SNAP ki an mezi pou fè aplikasyon nan telefòn pandan kriz la, konsa rele anvan pou w wè si yo ouvè.)

Kijan m ap fè konnen estati ka m nan apre m fin aplike a ?

Fason ki pi fasil pou w konnen se lè w itilize aplikasyon mobil DTA a oswa lè w al nan DTAconnect.com. W ap konnen estati ka w la, wè avi DTA yo, epi telechaje dokiman yo dirèkteman nan dosye DTA w la.

Ou ka rele tou liy asistans DTA a nan 1-877-382-2363. Akoz gen yon pakèt moun k ap rele, ou ka oblije rele ankò oswa ret tann sou liy nan pandan lontan - rele nan yon telefòn lakay oswa yon pòtab ki gen yon bon kantite minit ladan l.

E si m malad epi m bezwen yon moun pou ede m achte manje ?

DTA ap bay yon sèl kat SNAP EBT pa fwaye epi se non chèf fwaye a ki ap ekri sou kat la. Nenpòt moun nan fwaye a gen dwa itilize kat la pou yo achte manje. Magazen yo pa dwe mande pou yo gade kat la oswa refize kite w itilize kat la si w konnen PIN nan. PIN nan se siyati sekirize kat la.

Epitou, ou ka bay yon manb fanmi w oswa yon zanmi ou fè konfyans pou al achte manje pou ou. Règ federal yo di ou pa bezwen di DTA si w bay moun pèmisyon pou achte manje pou ou lè sa nesesè. 7 CFR 273.8(f)((9)

Ki dwa m genyen ?

Si yo refize w SNAP oswa avantaj lajan oswa pa dakò ak desizyon DTA pran an:

  • Rele liy Asistans DTA a oswa asistan sosyal ou a pou w mande plis enfòmasyon pouki rezon yo rejte ka w la.
  • Rele biwo ofisyèl yo ki la pou fè envestigasyon sou desizyon DTA yo nan 617-348-5354 si w pa ka jwenn yon asistan sosyal. Mande biwo ofisyèl k ap fè envestigasyon an pou l revize ka w la.
  • Mande yon odyans si w pa dakò ak desizyon DTA a. Gen yon fòm pou w fè apèl nan do avi DTA a. Ranpli l epi faks li oswa voye l pa lapòs bay DTA. Pandan COVID-19 nan, se nan telefòn yo fè odyans yo.
  • Kontakte your local Legal Services office biwo sèvis legal ki nan lokalite a pou enfòmasyon sou dwa w yo ak si l posib pou yo ta reprezante. 

Kote m ka jwenn manje an ijans ?

Pou w jwenn èd konsènan resous sou manje nan kominote w la, rele liy ouvè Project Bread’s FoodSource nan: 1-800-645-8333

partner organizations logos

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).